12 lane aprè tranblemann tè 12 janvye 2010 la, viktim yo toujou rete twomatize  

Stevinsonne Jeune
ParStevinsonne Jeune

Daprè yon ankèt Netalkole Media mennen nan plizyè komin nan peyi a, anpil moun ki te viktim nan evenman sila toujou rete malad mantalman. Nan sans sa, Doktè Jeff Matherson Cadichon bay kèk konsèy ak moun sa yo nan yon fason pou yo ka rebondi. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon peyi kou Ayiti ki chaje ak pwoblèm tankou, kriz politik, ensekirite, ti sekous tè tanzantan, yon moun pata sipoze tann se lèl santil pa kapab ankò pou l ta wè yon sikològ. Men pou l ka jere sante mantal li pi byen, ta sipoze genyen kèk mezi ki pran nan yon fason pou viktim sa yo ka rebondi.  

Lè moun yo fin viv moman sa yo, ta dwe genyen kèk pwogram sikolojik nan lide pou viktim yo jwenn yo akonpanyeman ki pra l pèmèt yo travay sou konsekans imedya ki pra l pèmèt pagen twoub sikoloji

dapré sikològ Jeff Matherson Cadichon 
 

Pi lwen doktè Cadichon fè konnen, sante mantal yon moun pa depann de li sèlman oubyen yon sikològ. Nan sans sa, leta gen wòl pal nan sa ki gen rapò ak sante mantal tout sitwayen. 

  Fòk andedan politik piblik la genyen yon politik sante, fòk bidjè sante a ogmante pou chak sitwayen ka gen aksè ak swen sante . 

Nan mwa novanm 2021, done inite sante e direksyon epidemyoloji fè nou konnen bilan sin depresyon ak anksyete nan peyi a ogmante andedan sosyete ayisyèn nan pa rapò ak epidemi koronaviris lan e ak swit ak kriz sosyo politik e ekonomik. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Stevinsonne JEUNE, journaliste et rédacteur. Étudiant finissant en sciences juridiques à l'Université d'État d'Haïti Praticien en Droit au sein du tribunal de paix de Delmas.