Categories: AN KREYÒL POLITIQUE

17 oktòb : Premye minis Ariel Henry depoze yon jèb flè nan mupanah

Share

Premye minis Ariel Henry depoze jounen lendi 17 oktòb 2022 a yon jèb flè nan Mupanah pou komemore 216 lane asasina papa nasyon zn Jean Jacques Dessalines. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Akonpanye plizyè manm gouvènman an, Premye minis Ariel Henry prezante nan Mize panteyon nasyonal (Mupanah) pou onore memwa fondatè nasyon an, anperè Jacques premye ki te asasinen nan dat 17 oktòb 1806. 

Nan okazyon komemorasyon sa, chèf gouvènman an envite tout ayisyen vire do bay divizyon, layèn, pou ouvri pòt bay men nan men k ap mennen nou sou wout lapè, viv ansanm ak solidarite. 

« Pandan twò lontan nou kite kolye layèn sa a nan kou nou ki sòti pou toufe nou grenn pa grenn chak jou. Jounen jodia, Ayiti pa peyi Desalin te reve pou nou an. Nou asasinen rèv sa a, vizyon li ak konviksyon papa nasyon an», ekri lokatè Primati a sou kont Twitter li. 

N ap raple pandan jounen 17 oktòb sa gen reyinyon k ap òganize nan Konsèy sekirite Nasyonzini sou demann gouvènman ayisyen te fè pou mande entèvansyon fòs militè etranje sou teritwa ayisyen an pou fè fas ak kriz sekirite ki gen nan peyi a. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Ariel Henry