8 jounalis pèdi lavi yo ak 217 medya femen pòt yo nan peyi ikrèn nan yon lane

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
8 jounalis pèdi lavi yo ak 217 medya femen pòt yo nan peyi ikrèn nan yon lane

8 jounalis fè vwèl pou peyi san chapo pandan premye ane lagè nan peyi Ikrèn, 26 ka pwofesyonèl te resevwa atak pandan y ap kouvri evènman sila a, ak 217 medya ikrenyen fèmen pòt yo pandan yon lane, daprè yon rapò repotè san fwontyè yo (RSF) detaye nan dat lendi 20 fevriye a.

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lavèy premye envazyon Ris la ki te fèt nan dat 24 fevriye 2022 pase a, RSF te di nan yon deklarasyon yon total 12,000 repòtè lokal ak etranje te akredite pou kouvri lagè a pandan 12 mwa yo.

 

Pwofesyonèl medya sa yo te ekspoze ak bonbadman souvan, Chif ki pi twoublan sou vyolans kont jounalis yo, konpile pa RSF ak Enstiti ikrenyen pou enfòmasyon sou mas la, se 8 jounalis ki te mouri nan lagè a nan premye 6 mwa yo.

 

RSF fè remake tou, sou yon total 50 ka kote jounalis yo te atake ak zam fann fwa, omwen 26 te viktim nan egzèse travay yo. Te genyen 19 jounalis ki te blese, genyen 4 ki te blese grav, epi nan pifò ka yo, yo te viktim atravè atak misil, men tou kèk te blese pa bal.

 

Apre atak sa yo, RSF te depoze 7 plent pou krim lagè nan biwo pwosekitè piblik ikrenyen an ak Tribinal Kriminèl Entènasyonal la nan « La Haye  » pou yon total 44 zak vyolans ak abi ki enplike yon ti kras plis pase yon santèn jounalis.

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.