Categories: AN KREYÒL SPORTS

Memphis Depay pran defans Lukaku fas ak tretman rasis l ap resevwa yo

Share

Sou Instagram, Memphis Depay reyaji sou dènye tretman rasis atakan bèlj la, Romelu Lukaku, resevwa nan match koup Itali ki te mete fas pou fas Inter Milan ak Juventus (1-1) madi ki sot pase a nan Allianz Stadium lan.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Atakan bèlj la ki te sove Inter Milan nan match ale demi final koup Itali a sou yon gòl pennalite nan tan adisyonèl, ta pral fè fas ak yon seri kri makak ki t ap sòti toupatou nan estad la. Yon zak ki pwovoke yon lapli reyaksyon nan mond foutbòl la.

Memphis Depay ki pami pèsonalite ki reyaji yo, eksprime soutyen l ak atakan bèlj la ki te vrèman choke aprè evènman sa epi lanse yon apèl ak jwè foutbòl yo prensipalman pou mobilize kont fenomèn rasis lan ki toujou poko janm ka rezoud nan mond lan an jeneral.

« Se moman pou tout atlèt yo kòmanse konekte ant yo menm pou kapab jere maladi sa nan bon mannyè. Yon fwa nou rasanble nou, nou kapab vrèman chanje bagay yo », ekri atakan Olandè a sou kont Instagram li.

Nan piblikasyon sa, Memphis Depay idantifye yon pakèt nan jwè ki gen pi gwo non aktyèlman nan mond foutbòl la pou mande yo pran responsablite yo fas ak fenomèn rasis lan. Pami jwè li idantifye yo genyen Kylian Mbappé, Neymar, Presnel Kimpembe, Marcus Rashford elatriye…

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Allianz Stadium fenomèn rasis foutbòl Inter Milan Juventus koup Itali Kylian Mbappé Marcus Rashford Memphis Depay Neymar Presnel Kimpembe Rasis Romelu Lukaku