Categories: AN KREYÒL POLITIQUE

Akò 21 desanm : Brian Nichols vle yon konsansis ak yon pi gwo fleksibilite nan mitan lidè yo

Share

Brian Nichols, Sou Sekretè Deta Ameriken pou Emisfè Oksidantal la, pa t rete bouch be sou akò 21 desanm nan Premye minis Ariel Henry ak plizyè manm nan kèk sektè nan peyi a te siyen. Brian Nichols fè konnen li vote pou yon konsansis ki pi laj ak yon pi gwo fleksibilite nan mitan lidè yo. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Diplomat ameriken an, Brian Nichols nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal Twitter nan dat ki te jedi 5 janvye 2023 te fè konnen, li espere wè yon konsansis pi laj ak yon pi gwo fleksibilite nan mitan lidè nan tout sektè pou Ayiti kapab avanse refòm ak demokrasi epi amelyore sekirite a. 

“Ankouraje pa akò politik 21 desanm ki te reyini Ayisyen nan divès sektè pou abòde kriz politik la.  Mwen espere wè yon konsansis pi laj ak yon pi gwo fleksibilite nan mitan lidè nan tout sektè pou Ayiti kapab avanse refòm ak demokrasi epi amelyore sekirite a”, te ekri  Brian Nichols, Sou Sekretè Deta Ameriken pou Emisfè Oksidantal la nan Tweet sa a. 

Yon lòt bò, Anbasadè Ayiti a nan Etazini, Bocchit  Edmond pa t pran tan pou l te reyaji anba tweet diplomat ameriken an. “Mwen apresye kòmantè w sou akò 21 desanm lan.  Map repete dezi Doktè Ariel Henry pou kenbe pòt dyalòg yo toujou louvri pou tout moun ka mete tèt ansanm ak li pou abòde enkyetid pèp ayisyen an ki ap soufri depi lontan”, te ekri diplomat Ayisyen an bò kote pa l. 

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by