Alcibiade fè vwèl pou peyi san chapo

Annelie Noel
ParAnnelie Noel

Mond kiltirèl Ayisyen an pran yon gwo kou, jounen ki te vandredi 21 janvye a, komedyen, imouris ak metè an sèn Nicolas Pierre Rolin, moun plis konnen sou non Alcibiade, mouri a 83 lane.

Youn nan pi ansyen komedyen ayisyen ki pote non sèn Alcibiade rann dènye souf li, jou ki te 21 janvye 2022 a. Kèk pwòch atis la konfime nouvèl la. Sepandan, yo pa bay enfòmasyon sou koz lanmò a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Chak dimanch, a midi, sou radyo karayib, se te toujou yon plezi pou anpil ayisyen koute « Détente Théâtrale », feyton radyo Alciniade la. Byad (ti non Alcibiade), se youn nan komedyen ki te toujou aktif jiskaske l mouri, li te konn jwe e pibliye ak Twoup Alcibiade yon feyton sou Radio télévision Caraïbes (RTVC) depi plis pase 25 lane.

Byad se youn nan moun ki te toujou ap envesti l nan kilti ayisyen an gras ak travay li ki te konn sèvi terapi pou anpil moun. Chak epizòd te toujou gen yon leson pou moun kap viv nan sosyete a.

Se yon potorik gason ki ale a, l ap toujou rete nan memwa nou kòm youn nan moun ki make kilti an Ayiti. Tout ekip NetAlKole Media a regrèt pèt sa e prezante kondoleyans bay pwòch ak fanmi defen an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Originaire de Port-au-Prince. Diplômée en communication et en hôtellerie. Elle est une journaliste motivée, attentive, dynamique et rigoureuse. Elle s'accroche beaucoup à son métier de journaliste.