Categories: AN KREYÒL POLITIQUE

Ansyen depite Tigwav la, Germain Fils Alexandre envite nan pakè Jiridisyon Tigwav la

Share
Komisè premyè enstans lan Tigwav la, mèt Pierre Elioth Paul, envite Germain-Fils Alexandre pou l prezante nan Pakè Jiridiksyon an, nan dat mèkredi 21 desanm k ap vini la. Daprè komisè Paul, envitasyon sa fè swit ak yon seri dosye l’ULCC soumèt kote non ansyen palmantè a pami moun ki vyole la lwa yo.
Inite Lit kont kòripsyon ( ULCC) transmèt nan pakè Tigwav la, non Germain- Fils Alexandre anndan lis sa ak plizyè lòt pèsonalite paske yo pa respekte la lwa 12 fevriye 2008 la ki gen pou wè ak deklarasyon patrimwan nan.
Ki donk mèkredi 21 desanm k ap vini la, chèf pakè Tigwav la ap tann ansyen depite Germain-Fils Alexandre poul vin reponn kesyon pou sa otorite (ULCC) yo repwochel nan yon rapò.
Kethia Saint Marc

Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.

Leave a Comment
Published by
Tags: Germain Fils Alexandre