Real Madrid pral toke kòn li ak Liverpool 28 Me a nan Stade de France, ki nan vil Pari. Se pral yon gwo batay tou pou Balon dò a kote gwo favori yo (Benzema ak Mané) pral jwe final sa.
Pale Boul sou NETALKOLE se yon emisyon kote n ap debat tout sijè ki gen rapò ak espò isit kou lòt bò dlo. Li pase sou platfòm NETALKOLE Media yo chak lendi ak chak jedi. Pou chak emisyon gen kòmantè ak analiz sou aktyalite a avèk yon envite ki lonje n lamen pou n brase lide.
Facebook Comments