Aprann reflechi : Nouvo mesaj Frè Gabe 

Peterson Dorsainvil
ParPeterson Dorsainvil

Gabriel Pierre Alain, anpil moun konnen sou non Frè Gabe, sot soti yon nouvo mizik ak tout videyo ki rele ‘‘Aprann reflechi’’. Mizik sa se yon mesaj ki gen anpil pisans frè a pote pou tout kretyen vivan pou l envite nou pran tan pou n reflechi anvan n aji pou n pa regrèt aprè. Se yon mannyè pou atis la raple tout moun tou twò prese pa fè jou louvri ! 

Anpil fwa, se aprè n fin poze yon aksyon nou kesyone tèt nou pou n mande poukisa n pat reflechi anvan n fè sa. Lè sa, malerezman, li gentan twò ta. Se konsa, nan nouvo videyo Frè Gabe reyalize a, li rakonte n istwa yon jenn gason ki se Peter ak yon jenn fanm ki se Clara, youn aprè lòt. Aprè chak moun sa yo fin presipite pou y al kontre ak sa yo te kwè k se siksè, yo rann yo kont se kòmsi se pwòp tonm yo yo t ap fouye.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dabò, otè mizik ‘‘M g on lyon k ap veye m’’ nan dekri pou nou lavi Peter : 

« Ou pa bezwen computer pou w konn Peter nan zòn nan. Yon nèg poze, ki g anpil kè, ki inivèsitè 

Mizè Peter se ladesant l ap fè kay kouzin li

Peter di l pa p mouri pòv. Li sèmante sou vi li…»

Se ak mo sa yo Frè Gabe kòmanse. Yon fason pou l fè n konnen bagay yo pat twò bèl nan men Peter malgre potansyalite l. 

Pi devan, li kontinye pou l eksplike n Peter pral rankontre ak yon nèg ki gen anpil lajan (sa n souvan rele boss, nan lagaj kouran) gras ak yon zanmi. Malerezman Peter pral tonbe nan tantasyon pwopozisyon boss la. Li pral rive aksepte fè sa zanmi an di l la ki te fè l konprann limenm ak patwon an fè sa deja epi l te fè Peter kwè li ka fè l yon sèl fwa si l pa renmen l, sou pretèks li pa dwe kite opòtinite sa pase. Men, yon sèl fwa te sifi pou gache lavi Peter :    

« Peter gen frèch ak boss la l ap byen pase.

 Tu m’entends ?

Yon fwa l al bay san. Dòk la di w enfekte ti tonton »

Frè Gabe di nou pou l fini ak premye pati sa.

Ak yon gita ki bay yon son elektro-akoustik, frè a delivre yon refren ak anpil pawòl nanm :

« Gen de desizyon w pran nan yon minit 

Konsekans lan konn san limit

Evite met repitasyon w an je

Toujou kite espas pou w bay BonDje defann ou

Aprann reflechi anvan w aji

Gen bagay ou fè k pa p ka ranje

Aprann reflechi anvan w aji

Gen bagay ou di k pa p ka chanje »

Istwa Clara, yon dezyèm resi k ale nan menm sans lan 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Istwa Clara se istwa yon jenn fi ki santi l enferyè paske moun pa twò fokis sou li sou rezo sosyal yo. Li pral kòmanse nan poste foto ak soutye ; lè sa, li jwenn apresiyasyon. Aprè, li pral tonbe sou yon fotograf ki pral pwopoze l pou l travay avè l. O kòmansman, pat vrèman gen kondisyon. Aprè yon ti tan, Clara te wè sa kòmanse mache pou li jan l te reve l la. Fotograf la pral rive mande l videyo ak foto kò l. Kòm li te prètatou pou l rive a, sa pat deranje l e l te fè sa. Foto ak videyo yo pral pran lari. Sa ta pral fè Clara anvi fou. Lè sa, menm jan ak Peter, moun pral tonbe lonje dwèt sou li. Regrè pral anvayi l. 

Istwa Peter ak istwa Clara pa diferan de sa anpil frè n ak sè n ap viv chak jou. Souvan, yo fè menm wout ak moun sa yo. E, jan Frè Gabe prezante sa nan ‘‘Aprann reflechi’’ a, se souvan konsa sa fini pou yo. Pami sila yo ki koute oubyen tande mizik/videyo sa, kèk va petèt kite pawòl yo chita nan lespri yo epi pouse yo pran tan pou yo aprann reflechi. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sa g on ti tan depi Frè Gabe te prezante yon dokimantè pou pale de yon andikap li genyen nan je ki fè moun pat souvan konn wè l san linèt (l ap viv avè l depi l tou piti), ki pote non ‘‘Linèt la tonbe’’. Moun ki pat konn vrè rezon k fè l pote linèt yo te konn kritike l anpil pou sa. Se sa k fè, prezantasyon dokimantè sila te pote yon gwo soulajman pou frè a e, ladann, li te menm fè fas ak andikap la pou l retire linèt la epi montre tout moun je l. Men, depi aprè sa, li te pran yon ti rekil. Sa ki ta pral fè anpil moun swaf yon nouvo mizik de frè a. Poutan, ak pwopozisyon sa kote l kite kostim mizisyen evanjelik n abitye a pou l ekspoze yon seri de fenomèn n ap fè fas chak jou, chantè ‘‘Ka a grav’’ la ale odela de sa anpil moun t ap tann e epate yo. ‘‘Aprann reflechi’’ montre tou, Frè Gabe gen divès kalite mesaj li vle pote pou sosyete a. 

  

  

  

  

 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Peterson Dorsainvil est journaliste, écrivain, slameur et amoureux fou des lettres. En quête de moi-même, je fais de ma plume ma boussoule dans ce monde désorienté.