Aprè dènye sanksyon Kanada a, Krisla, Izo ak Ti lapli anonse yo fè lapè

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
photographer jim wyssbloomberg
Aprè plis pase 18 mwa depi bandi Gran Ravin, vilaj de Dye ak tibwa ap afwonte ansanm, twa gwoup ame sa yo deside mete tèt yo ansanm jounen lendi 5 desanm 2022 a pou aktivite kapab reprann nan twazyèm sikonskripsyon pòtoprens lan daprè deklarasyon Izo, Ti lapli ak Krisla. Alòske desizyon sa a vini aprè kèk jou peyi Kanada ta deside sanksyone 3 pèsonalite enfliyan ki se, Gilbert Bigio, Reynold Deeb epi Sherif Abdallah.
Depi premye jen 2021 te gen yon gwo batay ki eklate nan twazyèm sikonskripsyon pòtoprens lan, kote bandi gran Ravin ak vilaj met ansanm pou afwonte nèg tibwa pou yo ka kontwole prèske tout katye Matisan yo, yon batay ki lakoz plizyè santèn moun pèdi lavi yo san konte sila yo ki kite kay yo ki al abite yon lòt kote oubyen ki al pran refij kay yon zanmi oubyen nan sant espòtif Kafou a.
Enfòmasyon an te deja pataje nan redaksyon  “NetAlKole Media” anvan menm videyo yo ta pral viral sou tout rezo sosyal yo, anpil moun ki abite Fontamara, sitou nan Tibwa ak gran ravin epi zòn ki antoure yo, te twouve yo nan lari Matisan ayè lendi 5 desanm lan, kontantman yo pat piti.
Nan yon rankont ki te genyen nan espas Matisan 23 a, chèf gang Vilaj de Dye a “Izo”, bouwo Gran Ravin nan “Ti lapli” ak nimewo 1 enstans kriminèl  “Tibwa a anpil moun konnen li sou non Krisla” tap bay akolad pandan yo tou pwofite anonse jounen lendi sa yo fè lapè, yo pap goumen ankò pou lavi ka reprann nan Matisan, daprè sa yo fè kwè.
Toutfwa Jounal la pako an mezi poul konfime rezon ki fè 3 gwoup sa yo fè lapè aprè plis pase 18 mwa depi y ap goumen antre yo.
Nou dwe raple tou se pa premye fwa pretèks lapè sa a ap repete nan mian 3 chèf gang sa yo, anvan mennm yo te mete tèt yo ansanm pou sasinen plis pase yon santèn inosan nan katye defavorize sa a epi boule byen yo, yo te deja mare sosis yo jiskaske yo ta pral divize aprè yon swadizan kòb ki te mal separe, daprè youn ladan yo ki te pibliye yon videyo sou rezo sosyal yo, èske moun ka kontinye fè mesye sa yo konfyans ? oubyen èske se menm fòm lapè pèpè yo ?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.