Nan yon nòt ki pote siyati Direktè Jeneral polis la , Léon Charles, nan date 25 janvye 2021 an. Direksyon jeneral lapolis la anonse chanjman nan plak imatrikilasyon « Ofisyel » yo nan peyi a .
Nouvo plak sa yo soti 20 janvye ki sot pase a, selon nòt la y ap rantre an vigè apati Premye Fevriye k ap vini la.
DG lapolis la mande tout pèsonèl polisye yo pran tout dispozisyon pou sezi tout ansyen plak k ap sikile sou tout teritwa nasyonal la e aplike tout mezi ki nesesè pou fè respekte prensip yo.
NAK-MEDIA
Facebook Comments