Ayiti-Aktyalite: Jacques Yves Sébastien Duroseau Jije Koupab paske li te antre ak Zam ilegal an Ayiti

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Yon lane aprè li tap rantre ak plizyè kalite Zam anndan Peyi an, Jacques Yves Sébastien Duroseau, rekonèt Koupab devan Lajistis Amerikèn pou konplo, ekspòtasyon Zam afe ak ekipman kontwole ki soti nan Peyi Etazini pou vini Ayiti nan lide pou fòme militè, pou reponn ak konfli lame etranje, daprè Komisè Federal yo.

Selon sa Jounal »Miami Herald » rapòte, Biwo Pwokirè Ameriken an nan #Raleigh te di nan yon nòt pou laprès ke, Jacques Yves Sébastien Duroseau, 34 lane, ki fèt an Peyi dAyiti e ki abite nan North Carolina, rekonèt Koupab devan Jij, pou konplo, ekspòtasyon nan kontrebann zam afe kontwole ak ekipman ki soti Etazini san li pat gen pèmi pou sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nap raplew Jacques Yves Sebastien Duroseau, te jwenn arestasyon li anndan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti an, nan dat ki te 12 Novanm 2019 lan, aprè responsab yo te wè Sitwayen an te pote avek li plizyè kalite Zam ak inifòm militè nan yon avyon soti Etazini.

Evenson Estime/ Jounal Lens

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article