Ayiti-Aktyalite: Lajistis Ayisyen deside lave imaj Dadou Jean Bart ki te gen akizasyon vyòl ki tap peze sou do li

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Sa fè plizyè mwa depi jounalis Romain Molina ak plizyè lòt kolaboratè nan jounal ki rele ( The Guardian) nan te pibliye yon ankèt kote prezidan Federasyon foutbòl ayisyen an Dadou Yves Jean-Bart te site kòm moun ki ta antre nan relasyon seksyèl ak anpil ti jèn fi nan seleksyon yo ki potko gen laj pou sa.

Swit ak atik sa FIFA te deside mete prezidan Federasyon foutbòl ayisyen an sou kote pandan FIFA tap mennen ankete sou dosye sila pou yo ka pran yon dezisyon final.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pa bò lakay nan peyi Dayiti lajistis te fè menm travay la tou, aprè anpil enstitisyon ak òganizasyon Fanm te mobilize pou dosye sa pa pase menm jan ak tout lòt dosye paske yo vle fòk verite tabli e bon jan egzanp dwe trase nan sosyete ya daprè sa yo te estime.

Selon nòt pou laprès Doktè Yves Jean-Bart mete deyò a, akize ya fè konnen aprè plizyè mwa kote yap fè manti sou li pa gen okenn moun ki viktim ki pote plent kont li e sistèm jidisyè peyi a pa anrejistre okenn plent tou pandan yo te kontakte plizyè òganizasyon kap defann dwa fanm nan peyi a nou tankou Sofa, Kay Fanm, Solidarite fanm ayisyèn, ak plizyè lòt ankò.

Nap raple pou nou depi nan kòmansman dosye sila, prezidan Federasyon an te bay konferans pou laprès e li te fè konnen li pa koupab se manèv pou sal imaj li selon sa ansyen prezidan federasyon foutbòl Ayisyèn lan te fè kwè.

 

Steven Aristil

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article