Ayiti-Aktyalite: Lis kèk jounalis k ap touche chak mwa nan federasyon ayisyèn nan foutbòl la, selon Pierre Richard Midy

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Nan yon emisyon espesyal jounalis espòtiv Pierre Richard Midy t ap fè sou paj Facebook li ak sou channel YouTube li, li mete deyò yon lis jounalis ki sou payroll federasyon ayisyèn foutbòl la, selon Pierre Richard Midy, li fè konnen anpil nan jounalis Sa yo p ap regle anyen nan federasyon an yo mete pye sèlman lè y ap vin pran check yo.

Selon deklarasyon Pierre Richard Midy, Kise jounalis Ki pase anpil media nan kapital la, li fè konnen depi w ap pale ansyen prezidan federasyon foutbòl ayisyen an mal, l ap achete ou.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lis Pierre Richard Midy te devwale San fòse, kote li site non, Ronald Vaval jounalis radyo karayib kòm moun Ki g on check 300 dola blan meriken nan men l chak mwa, Jean Charles Molière Ki nan RTNH, Ernst Benjy Joseph kise manm ( Tempête de St-Marc ),Pierre Richard Surbial, Ki nan espace Fm,Maneson Chéry, ki nan Haiti Tempo,Caleb Jephté Ki nan radyo zenith,Jessica Jean, kite nan radyo télé pacifique e ki nan Infosporthaiti , Jean Josué Mervil , Ki nan radyo Galaxie ak Ricot Saintil , Ki nan radyo Kiskeya, se kèk pami jounalis Pierre Richard Midy fè konnen Ki sou payroll federasyon foutbòl ayisyen an.

Yon lòt kote jounalis la fè konnen, gen anpil lòt non toujou Ki gen pou vini nan dosye sila paske ankèt l ap fè sou dosye a poko fini,e gen plis detay k ap gen pou bay nan kad ankèt Sa, n ap raple nou Pierre Richard Midy, se ansyen jounalis radyo vision 2000, Canal bleu, télé Soleil ak planèt kreyòl pou n site sa yo sèlman e n ap souliye pou nou li se jounalis ki travay pou DW ak Télé Sur .

 

NAK-MEDIA

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article