Ayiti-Aktyalite: Nou p ap ka asisen m, nou p ap ka anprizone m, nou p ap ka egzile m, mwen kroke nan gòj nou» deklarasyon Jovenel Moïse

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Nan yon gwo rasanbleman ki te fèt byen bonè nan fò libète jodi vandredi 5 fevriye 2021 an, prezidan repiblik lan Jovenel Moïse te pran lapawòl e li te voye anpil toya sou opozisyon an ak sektè prive a.

Nan diskou li, Jovenel Moïse fè konnen, kote l te ye andeyò nan twou di nò, yo te vin chache l pou prezidan, li fè konnen li te di moun ki vin chache l yo, si nou gen kondisyon ak yon gwoup moun, di yo m pap ka vin sèvi yo, l ap vin sèvi moun ki nan zòn yo bliye yo .

- Advertisement -
Ad imageAd image

Prezidan repiblik la kontinye pou l fè konnen, yo p ap ka asasine l, yo p ap ka egzile l, yo p ap ka anprizone l, paske l kwoke nan gòj yo.

Jovenel Moïse fè konnen li gen yon grenn Boss li rele pèp ayisyen an, prezidan an pa t mete dlo nan bouch li pou l te fè konnen se sistèm peze souse sa yo enstale nan peyi a, ki lakoz ensekirite, mizè, grangou ak rate atisyèl gaz ki gen nan peyi a pou n site sa yo sèlman.

NAK-MEDIA

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article