Ayiti-Aktyalite : Prezidan ti rès Sena a, Joseph Lambert, Lanse “Yon GRAN DYALOG NASYONAL”

Steven Aristil
ParSteven Aristil
????????????????????????????????????

Aprè plizyè semèn ap prepare ak divès sektè ki enpòtan nan peyi a ak kèk patnè etranje , Prezidan Sena a lanse ofisyèlman : Yon Gran Dyalog nasyonal, selon yon nòt ki soti nan biwo sena repiblik la .

Sou lobedyans Gran Kò genyen de (2) jounen diskisyon ant gwo majòjon nan kriz politik peyi a ap travèse a. Pou kapab evite peyi a tonbe nan katchouboumbe ak enstabilite ki menase li a .

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dyalòg sa a ap dewoule nan Dat 3 ak 4 Fevriye 2021 an nan Tara’s La Sapinière. Sou obsèvasyon aktè nan Sosyete Sivil la , k ap gen pou koute ni pouvwa ni opozisyon an vin diskite sou pozisyon yo sou konstitisyon an e ki jan y ap mete ansanm pou retounen nan eta nòmal konstitisyon an.

Prezidan Sena an, Joseph Lambert , vle envite dirijan politik defini yon lòt fason pou dirije e jwenn yon apèzman sosyal.

N ap raple depi 13 janvye 2020 , prezidan repiblik la nan yon Twit se konstate kadisite palman e redwi sena a a 10 senatè selman.

-Kayimit News-

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article