Categories: AN KREYÒL SPORTS

Ayiti ateri Gwatemala kote l pral batay pou yon twazyèm kalifikasyon nan mondyal U-17

Share

Seleksyon nasyonal pi piti pase 17 lane bò kote mesye yo ateri ayè vandredi 10 fevriye a nan peyi Gwatemala pou jwe dènye faz eliminatwa mondyal nan kategori sa kote l pral batay pou yon twazyèm kalifikasyon nan istwa l.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Seleksyon nasyonal ayisyèn mwens pase 17 lane a angaje l nan dènye faz eliminatwa Concacaf Championship lan k ap demare jodi samdi a nan peyi Gwatemala kote Ayiti ap gen pou rantre nan konpetisyon an demen dimanch 12 fevriye a fas Salvadò.

Sou direksyon antrenè Angelo Jean Baptiste, jèn grenadye sa yo ki ateri depi yè vandredi an nan peyi Gwatemala, pral batay pou yon twazyèm kalifikasyon nan mondyal U-17 kote yo twouve yo nan menm gwoup ak Salvadò, Onndiras epi Sirinam.

Aprè plizyè semèn travay, 20 jwè sa yo ki sòti nan twa faz deteksyon Direksyon teknik federasyon an te òganize yo pral kapab defann koulè drapo peyi an avèk pou prensipal objektif pèmèt Ayiti ale nan yon mondyal U-17 pou yon twazyèm fwa.

Nan dènye faz Concacaf Championship sa, kat seleksyon nan rejyon an ap gen pou jwenn kalifikasyon yo pou mondyal sa k ap gen pou òganize pandan ane 2023 a nan peyi Pewou.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by