Ayiti-Ensekirite: Wo kòmandman lapolis la, reyini pou defini yon plan pou retabli sekirite nan peyi a

Steven Aristil
ParSteven Aristil
Wò kòmandman an lapolis la, nan reyinyon an.

Ayè vandredi, 8 janvye 2021 an, wo kòmandman PNH la te reyini pou yo te chache yon nouvo estrateji pou retabli lapè ak sekirite nan peyi a.

DG PNH: Léon Charles

Plizyè direktè depatmantal Ak plizyè gwo kad nan lapolis la te prezan nan kad reyinyon sila, objekttif rankont sa sete reflechi e chache jwenn yon nouvo plan pou yo ka pote yon solisyon ak zak ensekirite k ap vale teren nan peyi a.

- Advertisement -
Ad imageAd image
Wò kòmandman an lapolis la, nan reyinyon an.

N ap raple pou lektè NETALKOLE MEDIA yo, pandan semèn ki sot pase a, plizyè polisye te viktim zak ensekirite anba men nèg ak zam kap feraye nan peyi a depi kèk tan.

NETALKOLE MEDIA

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article