Azzedine Ounahi siyen yon kontra 10 milyon ero ak Olympique Marseille 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
azzedine ounahi siyen yon kontra 10 milyon ero ak olympique marseille 

 

Aprè bèl pèfòmans Ounahi nan Mondyal 2022 a ak seleksyon Mawòk la, anpil klèb te vle genyen sèvis li. Daprè RMC Sport, Olympique de Marseille pran devan yo epi siyen jwè mawoken an pou 10 milyon ero pou 4 lane ½ . Yon enfòmasyon Foot Mercato ak La Providence konfime. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè Olympique de Marseille te fin rate transfè Ivan Ilíc la, li rive jwenn yon akò ak Angers pou milye teren mawoken an, kote montre kalite teknik ak entèlijans li nan Mondyal 2022 a. Azzedine Ounahi pral pote mayo ekip Marseille la pou 4 sezon ½ , yon kontra ki vo 10 milyon ero.  

Kèk ekip nan Premier League la te entèrese ak jwè a, ekip Naples la te menm sou kou a, men OM rive pran devan yo tout pou l ka genyen jwè a nan efektik li. Yon lòt ranfò pou ekip Marseille la. 

Azzedine Ounahi ap kite klèb Angers pou l al evolye nan Olympique de Marseille la pou 4 sezon 1/2. Ekip Marseilles la anons daprè La Providence, gen posibilite pou yo siyen yon atakan avan mache transfè a fèmen. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive