NETALKOLE

Bandi ak zam boule Komisarya Gantye an

Share

Endividi ame ki ta nan gwoup gang 400 Mawozo mete dife jodi dimanch 21 jiyè a nan komisarya Gantye an ki twouve l nan awondisman Kwadèboukè an.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Byen bonè nan maten dimanch 21 jiyè a, bandi ak zam atake komin Gantye kote yo rive mete dife nan komisarya vil la, malgre rezistans ki t ap fèt bò kote fòs ki te sou plas yo.

Nan yon moman kote Lapolis la ki jwenn sipò polisye Kenya ap prepare pou lanse gwo operasyon pou demantle gang yo, teritwa kontinye ap pase sou kontwòl gwoup ame yo.

Daprè majistra komin lan, Jean Vilonaire Victor, bandi sa yo ki fè atak sa ta pral kouri kite espas la aprè aparisyon militè FAD’H yo ak fòs lòd yo nan PNH la. Gwoup endividi sa yo ta menm gen entansyon mete dife nan dwàn Gantye an.

Komin Gantye, ki pa lwen Kwadèboukè, sibi atak san fwa ni lwa yo ki vle elaji enfliyans yo sou plis teritwa posib jis pou rive sou fwontyè avèk Repiblik dominikèn lan.

Aprè atak sa sou komisarya Gantye an, poko gen bilan sou dega ki fèt yo ak si gen moun ki viktim. Enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon an fè konnen plizyè blennde lapolis ta deja prezan sou plas.

 

Sous Foto: Haiti Local

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: 21 jiyè 2024 400 Marozo Bandi gang komisarya Gantye Kwadèboukè