Categories: AN KREYÒL SPORTS

Castellanos kraze defans Real Madrid la, li fè 4 gòl

Share

Nan kad 31tyèm jounen nan Liga, Real Madrid pèdi fas ekip Girona (4-2), Ajanten an, Taty Castellanos fè defans Real Madrid la wè tout koulè jodi madi a. Dènyè jwè ki te bay Merengue yo 4 gòl nan yon match se te Robert Lewandowski, nan yon demi final Champions League, 24 avril 2013.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Jodi madi a Real Madrid pran yon rakle fas ekip Girona, yon defèt ki montre a klè Barcelone sou wout pou l pran tit Liga a sezon sa aprè l te fin genyen lòt ekip vil Madrid la (1-0). Atankan Girona, Taty Castellanos fè 4 gòl epi vini premye jwè ki bay Real Madrid 4 gòl nan yon match aprè Lewandoski nan Champions League la.

Bouwo Real Madrid la jodi madi a se yon jwè New York City (MLS) prete klèb Girona. Ak 4 gòl sa yo atakan genyen 11 gòl nan klasman Liga.

Yon lòt bò, Ancelloti te jwe san Courtois, Benzema, men tout rès jwè kad yo te la. Vinicius fè yon gòl ak yon pas gòl epi lòt gol Real la, se zèv Lucas Vazquez. Aprè defèt sa Real mèt di tit Liga babay epi kòmanse konsantre l sou demi final Champions League la fas ekip Manchester City a pou kòmansman mwa me a.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: 24 avril 2013 Ancelloti benzema Champions League Courtois Girona Liga Lucas Vazquez Manchester City MLS real madrid Robert Lewandowski Taty Castellanos Vinicius