Categories: SPORTS

Daniil Medvedev pran 16zyèm tit nan karyè li nan ATP500 Rotterdam nan

Share

Aprè Daniil Medvedev te fin mal pase nan Open Australie a, kote l te elimine depi nan 3zyèm fas Sebastian Korda. Jodi dimanch lan, Russe la rive pran 16zyèm tit nan karyè l nan tounwa ATP500 Rotterdam nan fas Jannik Sinner nan 3 sets (5-7, 6-2, 6-2). Yon tit ki ap fè ansyen nimewo 1 an antre nan Top 10 klasman ATP a.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

 

Aprè Daniil Medvedev te soti nan Top 10 klasman ATP a, ansyen nimewo 1 an rive pran tounwa ATP500 Rotterdam fas Jannik Sinner aprè l te fin pèdi premye manch la fas Italyen an. Ris la pran 16zyèm tit nan karyè li , epi premye tit pou ane 2023.

 

Ete pase Daniil Medvedev te nimewo 1 mondyal, aprè move  pèfòmans li, li pèdi tèt klasman epi soti nan Top 10 la aprè Open Australie a. Jodi dimanch lan, nan 3 manch 2e29 jwèt, li mete do Jannik Sinner atè, ki te gen anpil konfyans pou rankont sa.

 

Ak anpil angajman fizik epi stil jwèt li, Daniil Medvedev rive fè advèsè li a travay anpil avan l te genyen 2 lòt manch li yo aprè li te fin pèdi premye a. Ris la montre li se yon jwè difisil pou bat sou sikwi a. Demen lendi a lap antre nan Top 10 la.

 

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by