Dèlma : Pwotestasyon kont rate gaz la ap pèsiste malgre enjeksyon BRH yo ki pa fikse

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
dèlma pwotestasyon kont rate gaz la ap pèsiste malgre enjeksyon brh yo ki pa fikse

Granm bonè maten 5 septanm lan nou te obsève kawotchou ki tap boule sou wout Dèlma yo. Plizyè chofè moto ki te nan tèt mouvman sila a depi semèn pase a kontinye pwoteste kont rate gaz la nan ponp yo, sa ki lakòz pri galon an monte sou mache enfòmèl la. Yo pwofite kritike enjeksyon inefikas BRH fè sou mache a. 

Chofè moto yo ki soti nan diferan zòn nan komin Dèlma ta sanble pa gen entansyon abandone mouvman yo pou mande disponiblite gazolin nan andedan ponp yo. Yon lòt fwa ankò yo foule beton an lendi 5 septanm 2022 a pou kontinye revandikasyon yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou tanmen, manifestan yo monte barikad epi boule kawotchou nan divès kwen komin nan tankou Dèlma 21, Dèlma 30 ak 27, pou n site sa yo sèlman. Kèk nan pwotestatè yo egzije demisyon lokatè primati a Ariel Henry yo di ki pap regle anyen nan tèt peyi a. 

Siklis yo yon lòt bò, lonje dwèt jouda yo  sou gouvènè Bank Santral la, Jean Baden Dubois, ki kontinye ap enjekte plizyè milyon dola nan mache deviz etranje a pou ede konpayi petwòl yo. 

« Sa a se yon konplo pou blofe popilasyon an sou bès aparan dola meriken an epi fè moun kwè gazolin disponib sou mache a, » youn pami yo te pale konsa nan mikwo nou. 

« Y ap pase nou nan betiz. Dola pa sispann moute. Mete sou sa, li pa disponib nan biwo transfè yo”, Yo te kontinye konsa. 

Kesyon nap poze, si nan ponp yo pa gen gaz ki disponib alòske gen gaz kap vann atè pa galon epi pa bokit, ki kote gaz sa a livre? 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.