Ayiti-Aktyalite: Lapolis arete pastè Claudy Jean Louis, pou agresyon seksyèl sou minè

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Pastè Claudy Jean Louis, se nom ansyen adoratè nan legliz Shalom, ki twouve l nan men DCPJ nan moman an,Selon yon sous nou ka fè konfyans, lapolis arete pastè a aprè l ta fè agresyon seksyèl sou yon ti fi ki minè.

Anplis pastè Claudy Jean Louis se yon chantè evanjelik tou. “Pase pi wo avè m” se youn nan mizik li chante yo plis konnen.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sa fè dezyèm ansyen manb legliz Shalom lapolis arete. Nan lane 2015, lapolis te mete men sou pastè Georges Junior Jean Louis yo te sispèk ki ta responsab lanmò Natacha Doré, yon sèvant lakay li, aprè yo te vin jwenn tèt li koupe. Jiskaprezan, pastè a nan prizon !

Fòk nou di tou, se pa premye pastè ki gen akizasyon vyòl ki peze sou do l si n ap fè yon ti retou ,Pastè Armel Lafleur gen yon dosye vyòl ki peze sou do li tou.

Kredi : Levanjil Foto

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article