Ayiti-Aktyalite: Lapolis replike pou kalme vilaj de Dye

Steven Aristil
ParSteven Aristil

<<A la guerre comme à la guerre >>, se konsa premye minis Jouthe Joseph te fini yon deklarasyon aprè bandi te atake 2 bakòp inite SWAT ak yon bakòp polis administratif yo.

Li te anonse lapolis pral replike paske bandi pa ka chèf, byen bonè nan jou vandredi 4 desanm nan lapolis depoze pyel nan vilaj de Dye kote anpil katouch ap tire pou jis kounya a, selon kèk enfòmasyon nou genyen, lapolis gentan fouke plizyè bandi e lapolis kòmanse gen kontwòl zòn nan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nap raple pou nou zòn vilaj de Dye dirije pa baz 5 segond ki gen pou chèf li IZO,yon baz ki tap taye banda depi kèk tan nan peyi a nan dosye ensekirite.

Kredi foto: HPN

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article