Ayiti-Aktyalite: (Stop Accidents) anrejistre 24 aksidan ak 67 viktim soti 7 pou rive 13 desanm

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Soti 7 pou rive 13 desanm ( Stop Accidents ), anrejistre 24 aksidan ki fèt sou wout nan peyi dayiti ak 67 viktim, pami yo 4 moun ki pèdi lavi sou yo nan moman aksidan yo selon dènye bilan asosyasyon an pibliye lendi kite 14 desanm 2020 an.

Ka sa yo anrejistre yo nan plizyè komin nan kapital peyi a ak nan kèk vil pwovens, pami zòn sa yo nou ka site :Tyòt,Nazon,Mòn kabrit,Lali, pèleren 2,kabarè, Aken ak fon parizyen poun site sa yo sèlman.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan 67 viktim sa yo gen 63 nan yo kite gen chans ale lopital, 4 mouri sou plas pami yo 2 chofè moto.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article