Ayiti-Dèy:Ayiti pèdi yon gwo tonton atis ki se Raoul Guillaume

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Sektè kiltirèl peyi a sitou mizik la pran yon gwo kou ak koze lanmò atis Raoul Guillaume, Raoul Guillaume se youn pami gran atis peyi a konnen sitou ansyen jenerasyon an.

Raoul Guillaume mouri a laj 93 lane, selon yon tweet jounalis Frantz Duval fè jodia pou l te konfime dosye lanmò atis la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Raoul mouri e li kite plizyè gwo klasik nan listwa mizik ayisyen an,nou ka site kèk tit tankou : Complainte Paysanne, Peze Kafe,Yoyo ak Ma Brune, poun site sa yo sèlman.

Nap raple pou tout lektè yo ke Raoul Guillaume te fon pase okès Issa El Saïeh nan lane 1941 yo kòm saksofonis e konpozitè.

Steven Aristil

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article