Ayiti-Kanaval: Branch opozisyon depatman Nòdwès la dil dakò 100% pou kanaval nasyonal 2021 an fèt nan vil podepè

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Opozisyon branch Nòdwès la 100% dakò pou kanaval nasyonal la òganize nan vil Pòdepè.

Kanaval se tradisyon,se pi gwo fèt popilè ki makònen ak kilti ayisyèn lan,kanaval te egziste avan PHTK, li te egziste avan Sektè demokratik, Fowòm Patriyotik, Lavalas, MOLHA, AAA, OPL, FUSION, RDNP, Pitit Desalin, elatriye.
Pèp la gen tout dwa li pou defoule’l jan sa dwe fèt.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Men Opozisyon an nan Nòdwès sigjere.

1- Nòdwès dwe genyen 40% manb komite Kanaval Nasyonal. Li obligatwa pou prezidan an ak responsab lojistik la, soti nan Nòdwès. Majorite gwoup ak atis Nòdwès yo dwe pèfòme sou pakou kanaval la.

2-Pou asfalte avni 3 rivyè a ak tout ri kap konekte ak pakou kanaval la.

3- Netwayaj ak Betonaj Chan avyasyon an.

4- Betonaj wout Latandri a, tou itilizel kòm wout pwovizwa pou sikilasyon transpò an komen pandan 3 jou gra yo.

5-Evalye sistèm elektrisite a ( jesyon fil wot tansyon yo).
Mete lanp elektrik nan tout vil la.

6-Reparasyon rezo televizyon nasyonal peyi a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

7-Enstalasyon ekran jeyan nan katye popilè yo.

8- 80% mendèv la dwe soti nan depatman Nòdwès la.Bay kontra ak restoran,sèvis tretè,otèl nan depatman Nòdwès la san paspouki.

9-Reparasyon prese prese lopital Imakile konsepsyon.

- Advertisement -
Ad imageAd image

10-Enstalasyon plizyè pwen selil ijans (rekrite jèn pwofesyonèl kalifye ki se moun Nodwès pou jere sant yo)

11- Reparasyon twonson wout ba Nòdwès yo pou fasilite deplasman kanavalye yo.

12-Sibvansyon radyo,televizyon ak medya an liy nan depatman an san paspouki

13- Defini yon plan espesyal pou jesyon bann apye yo (bon jan son ak bon jan degizman)

14- Defini yon plan sekirite depatmantal (Pou sekirize kanavalye kap soti nan tout komin yo plis sant vil la)

15- Fè bon aranjman pou moun kap travèse zile La Tortue pou vini Port de Paix (SEMANA pran responsabilite w)

16-Delokalize tout estasyon tap tap,moto ak otobis yo tanporèman.

17- Defini yon estrateji pou mete sit touristik depatman Nòdwès la an valè avan, pandan e aprè 3 jou gra yo.

18 -Òganize yon bèl jounen kanaval etidyan kòm tès kap presede 3 jou gra yo.

19- Revize dat kanaval la pou evite tout dout ki plane sou li. Opozisyon Nòdwès la pwopoze 3, 4, 5 fevriye 2021

20- Jwenn yon akò ak Meri Port de Paix pou 50% lajan lokasyon estand yo al jwenn Ministè Interyè ak direksyon jeneral SEMANA pou kòmanse modènize transpò Maritim Zile La Tortue ak rès depatman an.

21- *Opozisyon branch Nòdwès la 100% dakò pou kanaval nasyonal la òganize nan vil Pòdepè.*

Kanaval se tradisyon,se pi gwo fèt popilè ki makònen ak kilti ayisyèn lan,kanaval te egziste avan PHTK, li te egziste avan Sektè demokratik, Fowòm Patriyotik, Lavalas, MOLHA, AAA, OPL, FUSION, RDNP, PITIT DESALIN, elatriye.
Pèp la gen tout dwa li pou defoule’l jan sa dwe fèt.

Men Opozisyon an nan Nòdwès sigjere.

1- Nòdwès dwe genyen 40% manb komite Kanaval Nasyonal. Li obligatwa pou prezidan an ak responsab lojistik la, soti nan Nòdwès. Majorite gwoup ak atis Nòdwès yo dwe pèfòme sou pakou kanaval la.

2-Pou asfalte avni 3 rivyè a ak tout ri kap konekte ak pakou kanaval la.

3- Netwayaj ak Betonaj Chan avyasyon an.

4- Betonaj wout Latandri a, tou itilizel kòm wout pwovizwa pou sikilasyon transpò an komen pandan 3 jou gra yo.

5-Evalye sistèm elektrisite a ( jesyon fil wot tansyon yo).
Mete lanp elektrik nan tout vil la.

6-Reparasyon rezo televizyon nasyonal peyi a.

7-Enstalasyon ekran jeyan nan katye popilè yo.

8- 80% mendèv la dwe soti nan depatman Nòdwès la.Bay kontra ak restoran,sèvis tretè,otèl nan depatman Nòdwès la san paspouki.

9-Reparasyon prese prese lopital Imakile konsepsyon.

10-Enstalasyon plizyè pwen selil ijans (rekrite jèn pwofesyonèl kalifye ki se moun Nodwès pou jere sant yo)

11- Reparasyon twonson wout ba Nòdwès yo pou fasilite deplasman kanavalye yo.

12-Sibvansyon radyo,televizyon ak medya an liy nan depatman an san paspouki

13- Defini yon plan espesyal pou jesyon bann apye yo (bon jan son ak bon jan degizman)

14- Defini yon plan sekirite depatmantal (Pou sekirize kanavalye kap soti nan tout komin yo plis sant vil la)

15- Fè bon aranjman pou moun kap travèse zile La Tortue pou vini Port de Paix (SEMANA pran responsabilite w)

16-Delokalize tout estasyon tap tap,moto ak otobis yo tanporèman.

17- Defini yon estrateji pou mete sit touristik depatman Nòdwès la an valè avan, pandan e aprè 3 jou gra yo.

18 -Òganize yon bèl jounen kanaval etidyan kòm tès kap presede 3 jou gra yo.

19- Revize dat kanaval la pou evite tout dout ki plane sou li. Opozisyon Nòdwès la pwopoze 3, 4, 5 fevriye 2021

20- Jwenn yon akò ak Meri Port de Paix pou 50% lajan lokasyon estand yo al jwenn Ministè Interyè ak direksyon jeneral SEMANA pou kòmanse modènize transpò Maritim Zile La Tortue ak rès depatman an.

21-Nou mande pou yo aktive yon prè nan ONA pou majorite ( PME) yo,piti ak mwayèn antrepwiz yo,sitou sila yo ki nan zafè,kilti, otèl ak restoran.

Opozisyon branch Nòdwès la konte sou konpreyansyon ak patisipasyon tout kouch nan sosyete Nòdwezyèn lan pou ofri yon festivite san parèy.
Viv yon Nòdwès tou 9
Viv yon lòt Ayiti tou 9.

Me Andalasse Mertilus

Dr. Frito Zephyrin

Paul Elie Faustin

Me Jean Sylien Metayer

Me Cadet Ductan

Me Jean Wisnel Honoré

Me Kerly Dubreus

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article