Ayiti-Kanaval: Pandan opozisyon an soti kalandriye mobilizasyon li, gouvènman ap vanse tèt dwat pou kanaval

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Malgre gen yon nouvo vag Covid-19 ki plane sou tèt peyi a, e anilasyon plizyè pwogram tankou bal ak festival akoz kowonaviris ki retounen ap vale teren an ayiti, gouvènman Jovenel Moïse- Jouthe Joseph la, ap vanse tèt dwat pou kanaval.

Jodi madi 5 janvye 2020 an, plizyè cha gwoup mizikal yo kòmanse pran direksyon vil podepè,selon enfòmasyon nou rive jwenn nan men kèk sous nou fè konfyans, kise premye vil nan depatman nòdwès la e se la tou kanaval la pral dewoule, soti 14-15 ak 17 fevriye 2021. Kèk jou avan sa, RoodyRoodboy te fè konnen, li te di li pap fè mereng kanaval pou 2021 an, men l ap pèfòme.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jiskaprezan, poko gen okenn tèm ak komite pou regle zafè kanaval la, men nan vil podepè travay reparasyon wout yo ap avanse a gran pa selon sa repòtè nou pou zòn nan fè konnen.

N ap raple pou lektè nou yo, soti lane 2019 ak 2020 kanaval nasyonal la pat rive reyalize akoz mouvman pwotestasyon ki t ap reklame depa prezidan Jovenel Moïse, e yon lòt fwa pou ane 2021 an, opozisyon an opoze ak kanaval la e yo gentan soti kalandriye mobilizasyon yo, pou reklame depa Jovenel Moïse pou 7 fevriye k ap vini la.

NAK-MEDIA

Kredi Foto : Loop Haïti

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article