Ayiti-Mizik : Ayiti Mizik Festival anile,akoz kowonaviris

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Aprè Sweet Micky, ki anile toune a akoz ansyen prezidan repiblik la ki gen kowonaviris la, te vin genyen Vayb ki anile rès prestasyon li yo akoz kèk manm nan ekip la teste pozitif.

Anpil moun tap poze kesyon sou festival ayiti mizik la ki dwe fèt samedi, 2 janvye kap vini la.
Nan yon nòt pou laprès ki date 29 desanm 2020, responsab festival la deside anile katriyèm edisyon festival la, akoz kowonaviris kap monte ak fòs nan peyi a, selon enfòmasyon ki rive jwenn nou plizyè mizisyen ki vin nan toune atrape maladi a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt kote, Nu-Look deside anile bal li te gen pou l jwe jodi 30 desanm nan, nan royal haitian nan sou demand òganizatè yo.

 

NAK-MEDIA

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article