Ayiti-Mizik : “ Frères Dejean de Pétion-Ville “, retounen pou fanatik li yo  

Steven Aristil
ParSteven Aristil
Foto kouvèti yon albòm live

Sa fè kèk tan depi nou wè yon pakèt afich ki gen  non yon gwoup mitik konpa dirèk la, ladanl ki se  “ Les Frères Dejean “, nan yon konferans pou laprès ekip djazz la te bay nan lotèl Kinam ki nan petyonvil,yo anonse gwoup la retounen pou yo fè yon toune pou plezi fanatik band nan, se yon inisyativ ki pran pa pwodiksyon Bellevue, 28 desanm 2020 yap jwe nan Jaden Djoumbala ak Tropicana e Darline Desca, premye janvye yap jwe ak Sweet Micky nan Kingdom lotèl ki nan komin taba e 2 janvye y ap jwe nan Ayiti Mizik Festival nan Henfrasa.

Sou tab la te gen “ GS “ Montréal ki t ap jwe wòl MC, te gen ansyen prezidan Michel Martelly,Isnard Douby, Mick Avin, Ernst Vincent ak Tico Pasquet, André Dejeans pat prezan nan konferans lan akoz li ta pral jwe ak Nu-Look pou konsè 20 lane a. Nan konferans sa, aktè ki enplike nan toune sa te bay detay sou kisa ki motive yo pou te pran yon inisyativ konsa e yo te bay lis mizisyen k ap gen pou rejwenn rès ekip la pou pèfòmans yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap raple pou tout moun , “ Frère Dejean “ son gwoup konpa ki pran nesans nan lane 1963, avèk Maestro Lyonel Dejean avèk plizyè zanmi kite nan lise petyonvil ansanm, avan li te rele “ Les frères de Pétion-Ville “ men kèk tan aprè li vin rele “ Les Frères Dejean “ pami yo nou ka site Isnard Douby, André Dejean, Camille Dejean, Lyonel Dejean, Ticot Pasquet,pou n site sa yo sèlman.

Nan lane 1974,“ Frère Dejean “, te soti premye albòm li ki rele :Haïti, nan diskografi yo, e yo genyen plizyè albòm estidyo ak live tankou : Haïti, Pa gain panne,  International, Bouki ac Malice, L’univers, Non stop » « First class, Sans rancune, Malere. E yo gen  anpil mizik ki fè siksè menm jan yo genyen anpil mizik ki se klasik tou, nou kapab site kèk mizik tankou: Zanmi, La Foi, l’univers, Qu’est-ce- que la vie. Dènye fwa nou te konnen gwoup la te pèfòme sete nan lane 2009, nan Atrium nan peyi Matinik nan kad yon konsè avèk Djet-X.

 

Steven Aristil

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article