Ayiti – Nekwoloji : Ale non Diego !

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Jodi madi 13 jiyè 2021 an, Fanmi ak zanmi Diego Charles te vin rann li yon dènye omaj, Diego Charles Ki t ap travay nan radyo Vision 2000 kòm jounalis e kòm redaktè nan plizyè média anliy Tankou Gazette Haïti News ak La Repiblik, te rive jwenn lanmò li aprè nèg ak zam yo pat rive idantifye te tire sou li ak tout zanmi l Antoinette Duclaire kise militan e ansyen jounalis radyo tele Pacific ak RSF.

Credit photo : JCOM
Credit photo : JCOM

Jèn Sa yo te asasinen nan lannwit 29 pou rive 30 jen 2021 an, nan ri akasya Ki twouve l nan zòn kriswa, jiskaprezan okenn ankèt poko ouvè sou lanmò jèn sila yo , n ap fè nou konnen antèman Diego Charles chante nan vil kote l fèt mafran ki sitye l nan depatman grandans.

- Advertisement -
Ad imageAd image
Credit photo : JCOM
Credit photo : JCOM

Diego Charles, anpil jounalis ak moun Ki te konn frekante li fè konnen li sete yon modèl sajès, toujou vle tande moun k ap pale avèl sitou jèn jounalis yo , pou anpil zanmi l kou sa fè yo mal anpil e yon moun Tankou Charles Diego p ap fasil Pou yo bliye nan sektè a.

Steven Aristil

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article