Ayiti-Sosyete: Ministè Sante piblik demanti enfòmasyon kite fè kwè g on epidemi fyèv nan kèk komin nan peyi a

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Nan yon nòt Ministè sante piblik ak popilasyon soti, li fè konnen aprè yon envestigasyon li mennen nan leyogàn ak nan vil podepè, otorite yo fè konnen pa gen yon epidemi fyèv, jan sa ta vle fè kwè sou rezo sosyal yo.

Nòt Ministè Sante Piblik ak Popilasyon

Nan menm nòt sa, Ministè sante piblik atravè direksyon sanitè nan lwès ak nan nòdwès,te kontakte San pèdi tan, plizyè responsab lopital nan zòn sa yo pou te mennen ankèt la. Responsab MSPP yo fè konnen, yo kontinye ap resevwa enfòmasyon nan men ofisye siveyans epidemyoljik ( OSE ) li yo ki nan tout peyi a, Pou l kontinye kontwole tout sa ki gen rapò ak epidemi.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ministè sante piblik, fini pou l mande popilasyon an rete vijilan ak anpil enfòmasyon ki sou rezo sosyal yo, e yo envite tout moun swiv enfòmasyon lasante k ap bay sou sit ak rezo ofisyèl Ministè a.

NAK-MEDIA

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article