EDH pwomèt 10 èdtan kouran chak jou EDH pwomèt 10 èdtan kouran chak jou 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur

Nan yon konferans manm direksyon konpayi EDH yo bay laprès jedi 13 avril la nan Karibe Convention Center, Elektrisite peyi d Ayiti pwomèt  lap bay 10 èdtan kouran soti mwa avril sa pou rive mwa desanm.  

Se yon plan ki gen 4 konpozan. daprè sa responsab EDH yo fè konnen se yon plan ki trè kout ki ap kouvri peryòd avril la pou rive desanm 2022. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Nou pral mobilize 110 megawat atravè estasyon elektrik yo espesyalman santral yo, tankou Pelig, E-Power, Kafou I, Kafou II, ak Kafou III, pou nou kapab founi 10 èdtan elektrisite pa jou. Konsènan pisans EDH gen yon kapasite 280 megawat » deklarasyon ejenyè Henry Civil, li kontinye pou li eksplike ke objektif plan sa a se amelyore sèvis yap bay kliyantèl la. 

Daprè Enjegnè Henry Civil, se pa yon travay k ap fasil pou EDH, li sèvi ak santral Kafou III, pou l montre gwosè travay la ap ye. Daprè ejenyè a pou fè santral sa mache 10 èdtan pa jou, padan twa mwa, lap bezwen 3 milyon galon dyezèl. Sa ki montre  travay la pap piti soti mwa avril pou rive mwa desann. San bliye rezo distribisyon  yo ki gen plis pase 40 lane, ki pa janm gen pase men ki fèt ladan yo.  

« Konpayi a vize ogmante to sou kantite kòb kliyan yo ap bay la, lap ogmante soti 50% pou rive 53% nan mwa sa ki se mwa avril, pou rive mwa desanm » se sa Magdala  Chéry Remarais  ki se direktris adjwen EDH deklare. 

« EDH ki se yon antite otonòm li dwe asirel li chèche 22 milya goud  akimile sou yon peryòd 10 lane ak kliyantèl li yo. Dèt konpayi endistriyèl yo monte plis pase 1.4 milya goud, òganizasyon piblik, plis pase  973 milyon goud, pou òganizasyon otonòm yo plis pase 2.3 milya goud, ekleraj piblik plis pase 2.7 milya goud, pou rezidans plis pase  13.8 milya goud, antrepriz komèsyal, konpayi, plis pase 1.4 milya goud » daprè sa direktè adjwen an fè konnen. 

Daprè deklarasyon yo antrepriz la ap fè fas ak anpil pgwo difikilte depi plizyè lane. Men avèk plan sa yo espere rale yon souf, e sa ap benefik pou kliyan EDH yo. 

REDAKSYON : Mackendy Filderice 

MAK FABRIK : NETALKOLE MEDIA 2022 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.