Ministè Shalom Ayiti deside fèmen pòt pwopriyete l yo

Peterson Dorsainvil
ParPeterson Dorsainvil

Ensekerite a kontinye mete dlo nan je plis moun chak jou an Ayiti ; ka kidnapin ak asasina yo pa sispann ogmante. Fas a sitiyasyon sila, responsab Ministè Shalom-Ayiti deside fèmen pòt pwopriyete l yo, selon Media Levanjil Haïti. 

“Se konfime, Ministè Shalom-Ayiti ki gen radyo tele Shalom ak legliz Shalom Tabernacle de Gloire Pastè André Muscadin ap dirije deside fèmen pòt li akoz ensekrite a k ap gangrennen kapital la.” Nou li nan yon twit medya levanjil fè. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap raple, dènye jou sa yo, sektè pwotestan te prensipal sib plizyè kidnapè. Nan zòn Dikini, Nan mwa avril ki sot pase a, nan zòn, 4 manm legliz advantis Gaalad, pami yo yo yon pastè, te kidnape pandan yon sèvis ki te an dirèk. Nèg ak zam te tire diak Sylner Lafaille jou ki te 26 septanm nan antre Première Eglise Baptiste nan ri reyinyon an epi anlve madanm li. 

3 oktòb, vè 7è 40 nan maten, yon gwoup nèg ak zam ki te abiye ak inifòm UDMO antre yo pran pastè   Jean Mary Ferrer Michel, pandan l t ap dirije yon kilt, nan legliz Jesus Center nan Dèlma 29. Pandan l t ap selebre yon maryaj nan legliz Méthodiste Libre Parc Chrétien, nan Dèlmas 28, nèg ak zam vini yo kidnape Pastè Dévariste Eliodor, samdi 9 oktòb 2021 ki sot pase la. San konte divès lòt ka kidnapin ak asasina n ap tande k fèt chak jou nan peyi a. 

Pou jan fenomèn kidnapin nan kontinye ap vale teren epi rive paralize fonksyónman peyi a epi otorite yo montre yon enpisan, ki jou sa ap sispann ? Se prensipal kesyon anpil moun ap poze. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Peterson Dorsainvil est journaliste, écrivain, slameur et amoureux fou des lettres. En quête de moi-même, je fais de ma plume ma boussoule dans ce monde désorienté.