Football: Michaëlle Jean, se nouvo prezidan FHF

Steven Aristil
ParSteven Aristil

 

Fifa rann enfòmasyon an piblik, pa gen sispens ankò, Fifa anonse Michaëlle Jean, se nouvo prezidan FHF ( Fédération Haïtienne Football), k ap la pou 2 lane ak yon komite nòmalizasyon.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè Michaelle Jean, kòm preizan, komite nòmalizasyon an gen ladan l Monique André , kòm vis prezidan ak Jacques e Yvon Sevère kòm manm, manda komite sa ap fini 30 novanm 2023, nan kominike a dirijan Fifa yo fè konnen, yo ka retire oswa ajoute kèk manm nan nenpòt moman.

Aprè eskandal ansyen prezidan federasyon an Dadou Yves Jean-Bart enplike e Fifa jwenn anviwon 14 viktim ki temwanye kont li, komite sa la pou l vin jere e revize estati federasyon an jiskaske yo rive òganize eleksyon nan lane 2023 k ap vini la.

NAK-MEDIA

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article