Opinion:Rutshelle Guillaume chante avec la chorale DEG | Par Sony Lamarre Joseph

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Plizyè moun ki konn angajman mwen nan batay pou yon lòt kalte legliz pou devlopman peyi a kontakte mwen pèsonèlman pou pataje fristrasyon yo oubyen desepsyon yo aprè anons ki fèt sou rezo sosyo yo konsènan Koral DEG ki envite Rutshelle Guillaume chante yon mizik pou di Bondye mèsi.
Anpil moun estime lavi atis la pa pwòp poul ta nan chante mizik levanjil.
Sou kalte deba koze sa pwovoke, fanm adiltè a devan Jezi se premye imaj ki monte nan tèt mwen.
Se tankou mta tande Chèf Legliz la kap di: « nou menm ki kwè nou pi pwòp pase fanm sa voye premye kout wòch la. »

An pasan, eske se kouraj ak pisans chèf legliz la ta pèdi ki fè se fidèl nan Wayòm nan ki bijo drese yo kòm defansè pou deside ki moun ki gen dwa di Bondye mèsi ou pa?

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mwen estime mwen tap ensilte anpil si se David Morinvil yo ta anonse ki al chante nan yon dyaz pou bay lemond plezi.

Men si Rutshelle, kite konn mache legliz, aksepte vini chante ak yon gwoup ki nan sektè a, mpa kwè pawòl ak deklarasyon piblik pou chase li yo se pi bon fason pou atire li vini jwenn Kris.
Epitou nan peryòd sa ki raple nou lanmò ak rezireksyon sovè a, nou menm moun legliz ta dwe sonje se pou pechè yo Redanmtè a te monte Gòlgota.

Se pou sila ki pa gen peche a voye premye kout wòch la. (Jn 8,7).

Se menm jan ak divès legliz ki fèmen pòt pou fanm ak pantalon oubyen moun ki dyed antre yo.
An pasan, mwen menm sonje lidè yon asanble nan Pòtoprens kite vini dim konsènan kategori moun sa yo:  » O yo vini manke Bondye dega jouk nan fyèf li ». Kòm kwa legliz la se pa pou moun malad yo li la.

Epitou, mwen kwè Bondye se chache li mande nou ale chache moun sa yo pou li. Mpa kwè se chase li plase nou pou nou chase yo non.

Mta vle plis envite nou priye pou DEG pou Sentespri itilize li kòm enstriman pou touche kèk kè tankou pa Rutshelle pou li.
Epitou, e si Rutshelle se ta senbòl wòch Bib la di Bondye kapab fè pale si nou pa pale a!
Mwen kwè pale nou dwe pale jodi a se pale lanmou, rekonsilyasyon ant nou ak Kris li ta dwe ye. Men se pa pale pawòl mechanste pou fè nou parèt pi bon kretyen (farizyen) pandan nan kè nou gen anpil èn ak entolerans.
Mezanmi, Si moun legliz te kapab mete livrè yo deyò, ala fè yo tap fè.
Mèt travay la pase lòd pou kite yo grandi ansanm. Se li ki konnen kouman lap separe yo lè moman va vini.

David Morinvil Kris te jwenn anpil kritik paske li te ale lakay moun sosyete a te meprize/rejte yo.
Siw gen konviksyon Bondye avèw nan chwa sa pouw atire Rutshelle sou chemen dwat la, mandel sajès pouw kenben tande. Pa pèmèt pawòl kap di dewoute ou.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sony Lamarre Joseph

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article