Pakè Pòtoprens konvoke Dimitri Vorbe, Reginald Boulos , Steven Benoit ak Youri Latortue

Angy Desravines
ParAngy Desravines

Nan kad ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse Sitwayen sa yo : Réginald Boulos, Steven Benoît, Youri Latortue, Dimitri Vorbe ak Jean Marie Vorbe envite pou yo parèt nan biwo komisè Gouvènman a nan Pòtoprens.

Nan moman sa Réginald Boulos, Steven Benoît, Youri Latortue, Dimitri Vorbe (pou kounye a aletranje) ak Jean Marie Vorbe yo tout envite pa komisè gouvènman an nan tribinal Premye enstans Pòtoprens lan, Me Bedford Claude nan kad dosye a asasina Prezidan Repiblik la Jovenel Moïse te komèt lakay li nan lanwit 6 pou rive  7 jiyè 2021. Sa fè yon total nèf moun ke lajistis ap tande nan kad dosye sa a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Toujou nan sa ki gen pou wè ak zak asasina Prezidan Jovenel Moise lakay li (Pèlerin 5) nan lannwit 6 pou rive 7 jiyè 2021 an Pakè Pòtoprens konvoke Youri Latortue , Reginald Boulos, Steven Benoit ak Dimitri Vorbe pou y al reponn kesyon sou lanmò Chef Leta an.

Odisyon sila ap gen dewoule jou ki ap lendi 12 jiyè 2021 a pati 10 è pou rive 11 è 30 nan maten.

Civil Jean Aguel( kòdonatè sekirite prezidan) ak Dimitri Herard( Responsab USGPN) envite tou nan pakè toujou nan kad dosye sila.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article