Premyè Dam MARTINE MOISE soti nan silans li

Netalkole Media
ParNetalkole Media

Nan Mesaj ki pibliye sou paj Ofisyèl premye dam repiblik la Martine Moise . Madame Martine Moise deklare ke mèsenè touye Prezidan Jovenel Moise pou plan li yo, eleksyon yo ak referandòm lan Li lonje dwèt sou lòt mèsenè ki vle asasine rèv ak vizyon Prezidan an te genyen

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Frèm ak Sèm nan 4 kwen peyi a Mwen salye nou . Se MARTINE MOISE kap pale ak nou Mwen VIVAN gras BONDYE ! Mwen VIVAN ! Men mwen pèdi mari m JOVENEL Plis pase 25 lane Nou tap konbat ansanm Plis pase 25 lane Lanmou tap boujonnen nan fanmi an . Nan yon bat JE Mèsenè antre lakay mwen yo krible mari m ak bal . Mwen te toujou konnen Depi JOVENEL te rantre nan politik Li patap pou mwen sèl , Gwo zak asasinay sa Mete dlo nan jem ak tout timoun yo e m konnen ke l mete dlo nan je nou tou . ZAK sa pa gen non Paske fok yon mounn Kriminèl depase Pou ou asasinen yon prezidan tankou JOVENEL MOISE sanw pa bal chans Pou l menm di yon ti mo . Nou konnen kont ki moun Prezidan an tap goumen yo voye mèsenè touye Prezidan an lakay li ak tout fanmi l pou Wout , Dlo , Kouran Referandom ak eleksyon nan finisman ane a pou pa gen tranzisyon nan peyi a . Prezidan an te toujou kwe nan enstitisyon nan estabilite Jan li te toujou di “La stabilité est le premier des bien publique” Padan jodi a gen mèsenè ki touye prezidan an ki nan prizon Gen lot mesene ki vle ASASINEN rev Prezidan an Ki vle ASASINEN vizyon Prezidan Ki vle ASASINEN ide Ke prezidan an te gen pou peyi a 25 an Maryaj 25 an Viv Ansanm Yon sel swa Mesene yo rachel nan menm Dlo pap janm seche nan zye m Kem ap toujou Kontinye senyen Men nou paka kite Prezidan an Mouri Yon Dezyem fwa Map Kreye se vre Men nou paka kite peyi a pedi wout Nou paka kite san Prezidan JOVENL MOISE Mari m Prezidan nou renmen anpil la e ki renmen nou tou Koule pou gran mesi Map mare ren m sere Paske batay li tap mennen an Se pat Batay pal men se batay li tap mennen pou nou FOK NOU KONTINYE Nou konen mwen renmen nou anpil MWEN PAP LAGE Nan yon titan tou kout Map vin fe yon ti pale ak nou

 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Follow:
Restez informé(e) 7 jours sur 7, 24h sur 24, des événements marquants de l’actualité haitienne et internationale.