Entèpòl mete men sou yon manm enpòtan «400 Mawozo» an Repiblik Dominikèn 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
entèpòl mete men sou yon manm enpòtan «400 mawozo» an repiblik dominikèn

Otorite Lapolis yo an Repiblik Dominikèn mete men samdi 24 desanm ki sot pase a sou Lerby Belus, yon manm ki gen gwo enfliyans nan gwoup gang «400 Mawozo» e Lapolis t ap chache tankou chen fou. 

Aprè yon travay ransèyman bò kote Lapolis an Repiblik Dominikèn, ajan ki atache ak Entèpòl Santo Domingo yo arete samdi 24 desanm lan endividi sa ki gen 36 lane e ki ta yon manm aktif òganizasyon kriminèl «400 Mawozo», k ap opere nan Kwadèboukè. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lerby Belus ki te gen avi rechèch dèyè l nan peyi Dayiti, jwenn arestasyon l nan peyi Repiblik Dominikèn, sou yon otowout, tou pre La Romana, pandan l te sou yon machin Hyundai Sonata ki gen plak A976730. 

Daprè yon kominike ki sòti bò kote Lapolis an Repiblik Dominikèn, nan moman arestasyon sa, fòs lòd yo rekipere 4 paspò ki pou plizyè moun, yon pèmi kondi 00389-Ac, yon kat debi, yon telefòn pòtab, epi yon valiz rad ak 2,450 dola ameriken. 

Otorite dominikèn yo remèt Lerby Belus ak responsab Lapolis yo an Ayiti pou swivi jidisyè yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.