Categories: DOSSIER SPÉCIAL

Eske dwa timoun yo respekte an Ayiti?

Share

Anpil moun souvan panse timoun yo pa gen dwa, yo kapab maltrete yo jan yo vle, fè yo sibi tout fòm vyolans. Nan anpil peyi nan mond lan, yo konsidere timoun yo epi fè yo jwi dwa yo tankou dwa pou jwenn edikasyon, sante, pou yo gen nasyonalite elatriye. Men nan peyi pòv yo dwa timoun yo souvan pase anba pye. Ane 1979 lan, se te ane “Nations Unies” te deklare ane entènasyonal sou dwa timoun yo. Ane sa se te okazyon pou voye je sou timoun yo epi rekonèt plas yo nan sosyete y ap viv la. Tout ane sa yo pase, kijan dwa timoun yo ye an Ayiti? An n dekouvri ansann tout dwa yon timoun ta sipoze genyen.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan lane 1979, “Nations Unies” te pibliye yon ansann pwen enpòtan ki pale sou dwa timoun, 10 pwen nan lis sou dwa timoun yo ap pèmèt nou konprann eske dwa timoun yo respekte tout bon an Ayiti.

Men lis 10 dwa yon timoun ta sipoze genyen

1- dwa egalite, kote ki pa gen okenn distenksyon nan koulè po, religyon, sèks ak nasyonalite.

2- dwa pou timoun devlope nòmal ak bon jan ekilib.

3- dwa pou timoun nan gen yon non ak nasyonalite.

4- dwa laswenyaj, kote pou timoun nan rete epi jwenn manje pou li manje.

5- dwa pou timoun nan jwenn bon jan swen an ka li ta gen yon gwo pwoblèm.

6- dwa pou li jwenn lanmou ak moun ki pou konprann li.

7- dwa pou l jwenn yon edikasyon gratis ak kote pou li jwe.

8- dwa pou li jwenn sekou byen vit si ta gen yon katastròf.

9- dwa ki pou pwoteje l kont tout fòm vyolans ak eskplatasyon.

10- dwa pou li aprann byen trankil nan yon peyi ki gen lapè, san l pa sibi okenn diskriminasyon.

Tout dwa sa yo ki mansyone pi wo a montre a klè gen anpil travay ki dwè fèt pou timoun nan peyi Dayiti. Kòmanse sou koze manje, pase nan laswenyaj pou rive nan moso edikasyon. Timoun peyi Dayiti se timoun tankou tout timoun nann mond lan, yo merite jwi dwa yo pou yo kapab devlope epi itil peyi yo demen.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: 1979 ayiti dwa egalite dwa sante Dwa timoun Edikasyon laswenyaj Nations-Unies