Etazini : yon elèv 6 lane pran prizon aprè l fin tire sou yon pwofesè

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
etazini yon elèv 6 lane pran prizon aprè l fin tire sou yon pwofesè

Lapolis nan peyi Etazini mare kou krab yon elèv 6 lane ki, ak san fwa li tire sou yon jenn pwofesè ki nan trantèn yo, vandredi 6 janvye pase a. Ensidan an te rive nan Richneck Elementary School nan Newport News, espesyalman andedan Virginia, prèske 300 mil kilomèt nan sid Washington.  

Daprè rapò medsen yo ki te depeche yo pran swen enstititris la, viktim nan te blese gravman grav, ajan fòs lòd yo ki pa t pran tan pou reyaji te fouke elèv la nan prizon pou kokenn chenn derespektan sila a.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Se pa t yon fiziyad ni yon aksidan », te ekri nan yon rapò enstitisyon polisyè a nan peyi tonton sam. Viktim nan ki se yon jenn pwofesè ki nan trantèn yo, poko ka kite kabann lopital jiska jodi lendi 9 janvye a pou rapouswiv aktivite li kòmsadwa.  Otorite yo nan vil sa a mete aksan sou lavi li, ki pou moman sa yo anba gwo danje. 

Direktè Lekòl Newport News an, George Parker, fè konnen li nan yon eta ki vrèman chokan mete sou bon sans li ki demoralize lè l konstate se yon timoun y ap ede prepare evni li ki tonbe nan deriv sa. Pi lwen, li anonse lekòl primè a ap fèmen pòt li depi jodi lendi 9 janvye a jiska yon lòt anons. Li mande sipò responsab yo nan kominote l la, pou asire timoun yo pa gen aksè ak zam,  pou pa gen plis ka konsa ki repete. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.