Gwo doulè nan gòj bay anpil pwoblèm, men kèk bagay yon moun dwe konnen

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
gwo doulè nan gòj bay anpil pwoblèm, men kèk bagay yon moun dwe konnen

Doulè nan gòj se youn nan koz ki prezante pi souvan nan konsiltasyon medikal. Yon Moun ki gen gòj fè mal kapab gen plizye sansasyon : gòj li ap brile l ou grate l, sa konn rive moun nan menn gen fyèv. Konsa tou, koz yo konn pi grav aprè 2-3 jou. Anpil fwa gwo doulè nan gòj se siy yon enfeksyon. Men kisa ki ka lakoz? kisa yon moun dwè fè pou l soulaje tèt Li avan menn li ta konsilte yon medsen?

Doulè nan gòj se youn nan difikilte anpil moun rankontre, sa ki konn gen anpil konsekans sou kò moun nan. Gòj fè mal la manifeste kay timoun menn jan kay granmoun. Yon gòj fè mal kapab siy enfeksyon, amigdal, elatriye.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Men sa yon moun dwè fè pou soulaje doulè ak soufrans gòj fè mal

Pou sa ki gen pou wè ak premye swen yo moun nan dwe :

  • Souse glas oubyen manje bagay ki fre, ki pa di,
  • Bwè anpil dlo epi mouche nen l pou si se yon enfeksyon pou l pa rive nan zorèy li,
  • Melanje dlo cho ak sèl epi gagarize l,
  • Lave men l tanzantan, rense nen li pi souvan,
  • Pran repo si sa rive vwa l paka soti,
  • Sa yon moun pa dwe fè lè li gen gòj fè mal

Pafwa neglijans yo konn lakoz yon gòj fè mal bay plis traka ak tèt chaje. Men kèk bagay yon moun pa dwe fè lè l gen gòj fè mal

  • Pa manje bagay ki gra, ki gen anpil epis epi pa bwè kleren ak kafe,
  • Pa pran pwodwi ki gen lèt ak antibyotik,
  • Pa manje manje ki gen anpil epis epi evite bwe bwason ki cho,
  • Si moun nan ta remake li paka manje, li paka bwè, gòj la ta anfle, li gen fyèv, li paka respire byen, l ap pale nan nen epi bouch li bay move sant. Li dwe rive wè yon medsen, ki pou ede l jwenn yon solisyon.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive