Inyon Ewopeyèn mete yon milyon ewo disponib pou lite kont kolera an Ayiti 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Foto : afp.com/Richard Pierrin

Yon mwa aprè gouvènman an te fin deklare prezans kolera nan peyi a, ka yo pa sispann ogmante. Pou lite kont maladi sa, Inyon Ewopeyèn mete disponib yon milyon ewo pou soutni repons kont epidemi kolera an Ayiti. 

Lajan sa Sèvis operasyon pwoteksyon sivil ak èd imanitè nan òganizasyon an mobilize pral kapab sèvi pou apiye aksyon Òganizasyon panamerikèn sante (OPS) ap gen pou mete sou pye nan plan ijans pou frennen maladi a an Ayiti. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ak fon sa, anviwon 48 000 moun ap kapab benefisye nan kad entèvansyon ijans k ap fèt pou lite kont epidemi kolera. Lajan sa ap fasilite moun k ap benefisye yo aksè ak yon tretman rapid, k ap reponn ak egzijans maladi a pou sove plis vi e pwoteje sila yo ki pi vilnerab yo. 

Òganizasyon panamerikèn sante ansanm ak MSPP pral kapab soutni siveyans epidemyolojik nan 10 depatman peyi a pandan l ap ranfòse ekspètiz ajan sante kominotè polivalan yo nan lide pou rive idantifye pi rapid ka sispèk yo, elatriye… 

Finansman Inyon Ewopeyèn lan pral kapab itilize egalman pou òganize kanpay kominikasyon ak sansibilizasyon pou kapab limite pwopagasyon epidemi kolera epi pwoteje moun ki pi vilnerab yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.