Categories: POLITIQUE

Jean-Charles Moïse avwe se sasinen polisye yo te vle sasinen l

Share

Pandan yon konferans pou laprès li bay jodi 18 oktòb 2022 a, lidè pati politik “Pitit Desalin” nan prezante yon bilan sou manifestasyon ki te òganize ayè 17 oktòb la. Li te pèsiste tou sou ensidan ki te rive l devan anbasad Amerikèn nan, kote plizyè polisye te bonbade ansyen senatè a ak gaz lakrimojèn, selon deklarasyon l yo « se yon fòm sasinay ki te planifye pou li ». 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ayè 17 oktòb sa a, lidè platfòm Pitit Desalin nan te deplase plizyè milye pwotestatè pou montre dezakò yo ak gouvènman Ariel Henry a epi responsab yo nan Anbasad Tonton Sam nan, jodi 18 oktòb la, devan plizyè manm Laprès, li bay yon bilan pasyèl sou dewoulman ak fen mobilizasyon an. Plizyè moun te blese anba bal polisye nan moman ajan PNH yo tap eseye repouse foul la pou anpeche yo antre andedan lokal Anbasad la, ansyen senatè a ki te sou wout pou antre nan lokal Anbasad la a te viktim anba yon gaz lakrimojèn, « Gen yon polisye ki fin tire bonbòn gaz la, mwen tonbe, li fè eksprè li tire yon lòt sou mwen atè a », te deklare Jean-Charles Moïse, pandan li fè konnen tou se yon fòm sasinay ki te planifye kont li 

Lidè pati a yon lòt bò voye yon mesaj avèk anpil Konviksyon bay dirijan aktyèl la, li deklare Ayiti gen pou li rekonèt yon revolisyon idantik ak revolisyon peyi Mali a, si dirijan Ayisyen yo ak blan Meriken yo pa tande rezon. 

Pou fini ak konferans li a, li anonse mouvman pwotestasyon yo pap kanpe, li pwofite mande popilasyon an mete yo prè pou mache pran tout Minis yo andedan lakay yo. « Mwen pral bay 2 nimewo nan jou kap vini yo, depi nou ta lokalize yon minis enfòme nou, nou pral mache pran yo», deklare lidè pitit Desalin nan. 

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Jean-Charles Moïse