Jeff Bezos pral fè kado pi fò nan fòtin li a pou divès kòz mondyal 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
jeff bezos pral fè kado pi fò nan fòtin li a pou divès kòz mondyal 

Fondatè Amazon nan, Jeff Bezos bay CNN asirans li konte fè don pi fò nan fòtin li a pou lite kont divès kòz mondyal tankou chanjman klimatik la, divizyon sosyal ki pwofon yo ak zafè politik nan mond lan. 

Se premye fwa òm dafè a fè yon deklarasyon konsa, men li pa bay okenn detay sou kòman li konte itilize fòtin li an pou l ka pouswiv objektif li fikse yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lè jounalis CNN ki t ap fè entèvyou a te mande l si li te konte « fè don majorite fòtin li an pandan l vivan », Jeff Bezos te reponn “Wi”. Men, pati ki pi difisil pou nonm 58 lane a « se chèche konnen kijan l ap kapab fè sa ». Jeff Bezos konpare travay sa a ak lè l t ap kreye Amazon alepòk.  

Avèk yon richès 124 milya dola li rive bati pandan tout vi l, yo konsidere Jeff Bezos kòm 4yèm moun ki pi rich nan mond lan, daprè magazin Forbes. 

Men n ap raple, pandan 10 dènye a sa yo miltimilyadè a sèlman envesti 10 milya dola nan fondasyon li an k ap goumen pou pwoteksyon anviwònman. Sòm sila reprezante anviwon 8% kapital aktyèl li a. 

Jeff Bezos se pa sèl fondatè oswa ko-fondatè yon jeyan nouvo teknoloji ki vle aji ak jenerozite konsa. Bill Gates, yon lòt miltimilyadè, te deja deklare nan plizyè okazyon li planifye bay prèske tout richès li, ki estime ak 114 milya dola, nan Bill & Melinda Gates Foundation, ki se pi gwo òganizasyon charitab prive nan mond lan. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.