Categories: AN KREYÒL EVENT

Jounen lang manman : Inivèsite Leta Dayiti reponn prezan

Share
Advertisement

Inivèsite Leta Dayiti a, anba banyè Fakilte Lengwistik Aplike (FLA), òganize yon gwo konferans ki marye ak pèfòmans kiltirèl pou selebre ‘‘jounen lang manman’’ anba tèm ‘‘lang manman se fòs ki bay kilti jarèt’’.

Inivèsite Leta Dayiti òganize yon gwo woumble nan Fakilte Lengwistik Aplike a (FLA), jounen lendi 21 fevriye 2022 a,
pou selebre ‘‘Jounen lang manman’’ anba tèm ‘‘Lang manman se fòs ki bay kilti jarèt’’. Yon tèm ki reflete epi valorize dimansyon kiltirèl lang kreyòl Ayisyen an charye.

Nan kad aktivite sila a, yon konferans deba ki te gen pou moderatè Hasner Luc-Arthur GELIN, etidyan Fakilte Lengwistik Aplike epi kòm konferansye doktè, filozòf Edlyn DORISMOND ki te entèvni sou zèv Félix Morisseau-Leroy « Antigòn » ki selon li menm, reflete reyalite sistèm politik ki tabli nan peyi Dayiti a.

Yon jounen ki raple batay pou Lang kreyòl fouye kò l pi fon nan edikasyon

Anbyans la te dewoule nan pataj pawòl Dwayen Fakilte a, doktè Renauld GOVAIN, ki raple fòs lang manman an genyen nan edikasyon. Konsa, li te deklare : « lang manman se zouti ki fegonde edikasyon nan yon peyi ». Li te pouswiv pou l raple batay fakilte a ap mennen nan kole zepòl ak divès travay rechèch l ap mennen pou montre nesesite pou rann lang kreyòl pi prezan nan edikasyon nan peyi a se meyè mwanyè pou jwenn pi bon rezilta nan sistèm edikatif la.

Pou mete yon bout nan entèvansyon li a, Dwayen Fakilte a te mete limyè sou potorik gason konferansye a reprezante, Edlyn DORISMOND, ki li menm se yon pwofesè, doktè nan filozofi, otè divès ovraj ki pibliye nan lang fransè pami yo : ‘‘Le problème haïtien’’, ses racines anthropologiques politiques ; ‘‘La Caraïbe, entre histoire et politique’’, pou site sa yo sèlman. Yon konferans ki te dewoule anba tèm « Antigòn fason ayisyen fè politik ».

Antigòn, yon pèsonaj antik ki reflete fason Ayisyen fè politik

« Antigòn » se yon trajedi nan mitoloji Grèk Sofòk (Sophocles) ekri an 441 anvan Jezi Kris. Plizyè otè nan mond lan kite tras yo nan tradiksyon ak adaptayson zèv sa pami yo Félix Morisseau-Leroy, ekriven, powèt Ayisyen ki tradwi zèv la an kreyòl Ayisyen an 1953 epi adapte li ak reyalite peyi a nan moman diktati t ap taye banda.

Advertisements

Nan pase men konferansye a fè sou zèv la, li konpare 2 pèsonaj santral tèks la – ki se Antigòn ak Kreyon – ak reyalite lit pou pouvwa nan peyi a. Youn reprezante figi fòs gouvènman (Kreyon), lòt la reprezante figi rezistans (Antigòn).

Félix Morisseau-Leroy, nan travay adaptasyon li an, mobilize yon ansanm eleman ki karakteristik ak pèp Ayisyen an (lwa yo), tou de figi santral tèks la (Kreyon, Antigòn) jwenn fòs yo nan yon sous eskteryè, sinatirèl (lwa yo). Sa ki, daprè konferansye a, tradwi reyalite antwopolojik politik peyi ‘‘Politik nan peyi Dayiti pa janm fèt san prezans yon ansanm enstans oubyen pwisans ki eksteryè nan sosyote a» yon manyè pou li fè referans ak lwa yo. Pou li menm, gen yon reyalite sinatirèl ki ante politik peyi a. Sa ki rann politik peyi a pa ka lib. Li pouswiv pou l di : « Youn nan kondisyon santral e fondamantal pou fè politik se libète » !

Pou pouswiv batbouch sou ankraj Antigòn Félix Morisseau-Leroy a nan lavi sosyo-politik peyi a, konferansye a twouve lide l yo kapital pou konprann reyalite sistèm politik peyi a. Daprè konsta li fè, sosyete ayisyèn nan konstwi nan divizyon ; yon chirepit ant sa ki Afriken ak sa k Ewopeyen ; sa k kretyen ak sa k pa kretyen. « Pa janm gen yon veritab inite k rive fèt vin jwenn reyalite malouk sistèm politik la ki mare nan pye tab fòs diven yo (lwa yo) ak fòs etranjè (kominote entènasyonal) k ap perenize soufrans ak lamizè », li t ajoute.

Ni sa k nan pouvwa (Kreyon), ni sa ki fas pouvwa (Antigòn), tou 2 gen fòs eskteryè ak etranjè avè yo ; sa k pwouve, daprè konferansye a, Ayisyen etanke moun, oudimwens aktè politik, pa an mezi pou fonde anyen pou kont li.

Se anba nòt ki mete limyè sou move itilazyon valè kiltirèl peyi a ap konnen yo, moderatè a te gide asistans lan nan dènye pati gwo jounen selebrasyon sa a ki te makonnen literati ak lakilti nan yon anbyans san parèy.

Se nan yon anbyans kiltirèl yo rann lang kreyòl la omaj

Pou mete yon bout ak gwo rasanble sou jounen lang manman an, etidyan yo te tanmen yon deboulonnay mo ki gen nanm nan yon anbyans powetik, eslam, chan ki gen mak pye valè ekspesyon kreyòl yo. Nan menm lide a tou, kèk nan yo defile ak rad tradiksyonèl, di kont, elatriye… yon fason pou rann kreyòl la omaj non sèlman nan sa l charye kòm pwodiksyon literè men tou nan fason li make kilti ayisyèn nan. Pou kouwonnen evennman sa, yon ansyen etidyan Fakilte a, Romy JEAN-FRANÇOIS, fè vant siyati liv li « Nan lakou zonbi veste ».

N ap raple : jounen entènasyonal lang manman an te tanmen nan lane 1999 aprè yon rezolisyon òganizasyon nasyonzini pou edikasyon, lasyans ak lakilti (UNESCO) sou demand peyi Bangladesh ; yon peyi nan sid kontinan azyatik la. Depi 21 fevriye 2000, selebrasyon yo tanmen. Kidonk, 21 fevriye 2022 make 22èm selebrasyon jounen lang manman nan mond lan.

Published by
Tags: featured Jounen lang manman