Categories: AN KREYÒL SPORTS

Kamewoun fese Brezil atè men l elimine kanmenm

Share
Dènye match faz gwoup yo jwe nan Mondyal FIFA, Kata 2022 a. Nan Gwoup G a, Brezil fè premye defèt li anfas Kamewoun. Nan lòt match la, Laswis bat Lasèbi pou l pran dènye biyè ki te rete a.
Definitivman, sa se yon Koupdimonn sezisman tout note. Lyon endontab yo rive fese Seleçao a atè nan dènye match yo nan Gwoup G Mondyal 2022 a. Yon lòt kote, Laswis metrize Lasèbi (3-2) pou l rive kalifye pou faz eliminasyon dirèk la.
Brezil te chanje tout ekip li a pou l afwonte Kamewoun sòti sou gadyen an rive nan atakan yo. Kamewoun siprann Brezil ak yon grenn gòl gòl Vincent Aboubakar fè nan 92è minit match la. Malgre viktwa istorik sa a, Kamewoun p ap al pi lwen nan konpetisyon an.
Lòt match la te mete Laswis ak Lasèbi fas pou fas. Se Nati a ki jwenn rezon l sou Sèb yo ak yon bèl viktwa (3-2) nan yon match ki te chaje rebondisman. Laswis fini ak menm pwen ak Brezil (6) e li pran dezyèm Plas nan gwoup la pou l kalifye pou uityèm final.
Jephte Pascal

Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.

Leave a Comment
Published by