Kisa travay sikològ la ye ?

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
kisa travay sikològ la ye

Nan peyi Dayiti majorite moun ki tande koze al wè yon espesyalis sante mantal , toujou gen yon ansanm ide negatif sou koze sa : yon moun ki al wè yon sikològ, se “moun fou”. Gen lòt ki pa menm konnen kisa ki travay yon sikològ, kisa sante mantal vle di tout bon. Poutan domèn sikoloji a, se yon domèn ki rich anpil , ladan l genyen plizyè banch : sikoloji klinik, sikoloji travay, sikoloji sosyal ak fanmi, sikoloji eskolè, nerosikoloji, elatriye.

Sikoloji a se yon syans ki fè etid sou pwoblèm ki gen rapò ak panse, emosyon, santiman, konpòtman. Disiplin sa pemèt moun konprann tèt yo, lòt moun ak fason pou yo adapte yo fas ak divès pwoblèm y ap fè fas chak jou.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ki travay yon sikològ ?
Yon moun kapab rankontre ak yon sikològ nan anpil entistisyon tankou : lopital, sant reyabilitasyon, lekòl, prizon, espas travay, nan inivèsite ak klinik prive, ….

Yon sikològ gen pou travay pou l tande pasyan an, akonpanye li, gide l epi ede l jwenn swen nan sa ki gen pou wè ak sante mantal. Pou sa rive fèt, sikològ la dwe :
Poze pasyan kesyon, pou l konprann sa l ap travèse , konnen pwoblèm moun nan.
Pase pasyan yon tes sikolojik pou l konprann santiman l ak konpòtman moun nan.
Aprè yon dyagnostik, sikològ la dwe planifye seyans yo ak pasyan. Sa ki pral menmen sikoterapi a.

Kilè yon moun dwe al wè yon sikològ?

Se pa sèlman pou depresyon ak estrès yon moun bezwen al wè yon sikològ men pou tout sa ki gen pou wè ak sante mantal. Men kèk pwoblèm ki ka pouse yon moun al wè yon sikològ.
Laperèz, kòlè ak soufrans nan lespri
Maladi ki touche sèvo a
Pwoblèm konpòtman ak devlopman
Pwoblèm sikolojik ki gen rapò ak kò a tankou dyabèt, maladi kè, Konpòtman kriminèl , Pwoblèm langaj ,Pwoblèm ak dwòg, kleren ak lòt sibstans ki ka deranje sevò a, Moun ki fè malkadi , Pwoblèm koup oubyen fanmi ,
Pwoblèm timoun ki paka aprann byen lekòl

Yon moun ki bezwen konprann tèt li, kap chache fason pou l mete ekilib nan vi l, ap toujou fè yon chwa entèlijan, ki se al wè yon sikològ. Konsa espesyalis lan ap kapab ede l jwenn bon jan solisyon ak kèk pwoblèm la fè fas chak jou.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive