Categories: NETALKOLE

Lajistis mete yon manda dèyè ansyen Direktè CAS la, ak administratris aktyèl la pou koripsyon

Share

Apre Edwine Tonton, direktris Kès Asistans Sosyal (CAS) la ki te arete ayè madi 25 avril la, Lajistis mete yon manda dèyè ansyen Direktè jeneral CAS la Frantz Idérice ak tout administratris aktyèl la, yon sèten Johanne.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Vrèman vre, Ansyen DG Kès Asistans Sosyal la (CAS), Frantz Idérice, gen yon manda dèyè l, ansanm ak yon entèdiksyon pou l kite peyi a. Se Jij enstriksyon an, Wilner Morin ki mete manda sa ayè madi 25 Avril 2023 a, nan kad dosye koripsyon ULCC te remèt bay lajistis.

Yon lòt bò, nan kad menm dosye sa, Jij enstriksyon an, Wilner Morin, bay yon lòt manda tou kont administratris aktyèl la Johanne.

N ap raple Edwin Tonton ki se DG aktyèl enstitisyon sa, ki arete ayè madi a te ranplase nan pòs sa a, Frantz Idérice, limenm ki gen yon manda dèyè l ak entèdiksyon pou l kite peyi a.

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by
Tags: 25 avril 2023 Arestasyon CAS Edwin Tonton Frantz Idérice Johanne Koripsyon Lajistis manda ulcc Wilner Morin